Jodi jedi 27 jen 2024 la, Kolektif Nasyonal 1e Me, yon regwoupman ki konstitiye de yon ansanm lidè kominotè, rejyonal ak ansyen kandida nan dènye eleksyon yo ekri, Premye minis tranzisyon an.
Responsab Kolektif la pwofite felisite PM nan pou bon jan avanse l ap fè pou l rann tranzisyon sa yon reyisit, yo prezante sitiyasyon malouk pèp #Ayisyen ap viv depi kèk lane ki ta konsekans move jesyon Moun k ap jere minisipalite yo.
Direktwa Kolektif la pat pèdi tan tou pou mande PM nan, a travè kèk pwopozisyon, pou angaje lòt moun ki gen kapasite pou remanbre kolektivite teritoryal yo, pou retabli lapè ak trankilite sou tout teritwa peyi Dayiti ak bay popilasyon an bon jan sèvis.
Komite regwoupman sa ale pi lwen pou l mande Premye minis la ak tout gouvènman, pou yo mete an plas yon koulwa imanitè pou ede sa ki pi vilnerab yo sitou moun ki pèdi tout byen yo nan kad vyolans gwoup ame yo nan kominote a, pou mobilize enstitisyon leta tankou #ULCC ak Lakoudèkont pou fè #Odit sou jesyon lajan leta nan tout enstitisyon piblik yo nan lide pou netwaye administrasyon leta AK kowonpi.
Pou fini, Kolektif Nasyonal 1e Me, mande chef gouvènman pou bay lapolis bon jan akonpayman pou yo rive fè fas ak fenomèn ensekirite a ki pa sispann mete dlo nan je pitit pèp la.
Laisser un commentaire